Kesyon kap ede w konprann edikeyo.

Se yon platfòm ki dedye a fòme e edike moun sou entènèt la. Kidonk, se pou sa nou ba li non edikeyo, ki nan sans lang kreyòl la, ka divize an de mo; edike yo. 

Edikeyo mete yon disponib yon bibliothèque ki pèmèt moun jwenn liv pou yo li ak pèmèt moun fè lajan.

 Edikeyo fè patenarya a opwesto pou l ka ofri w plis sèvis.

Opwesto se yon platfòm de vant anliy. Ki vann produi ak moun kap viv nan peyi Dayiti e ki fè livrezon nan tout depatman yo.

Li gen yon program afilyasyon ki pèmèt moun resevwa komisyon pou moun yo referanse, swa pou achte yon sèvis oubyen afilye.

Program afilyasyon apwesto a se yon program ki  an patenarya a edikeyo, pèmèt moun rantre lajan ak telefòn yo lè yo chwazi yon yon plan.
Chak plan gen avantaj yo, ki pèmèt afilye a resevwa yon komisyon.

Komisyon itilizatè a resevwa depann de plan li chwazi. Li defini nan deskripsyon plan.

Sou edikeyo, gen de fason ou ka fè lajan ak telefòn ou: lè w afilye ak lè w manb.

Ou afilye se lè w chwazi yon plan afilyasyon, ou resevwa komisyon ki defini selon plan w lan.

Ou manb se lè w chwazi li plis liv sou edikeyo apre sa ki gratis yo

Bibliotèk edikeyo a gen plizyè kategori liv, kap ogmante chak jou pi plis. Ladanl gen liv ou gen aksè pou li gratis e genyen tou ou dwe, swa vin manb oubyen peye pou yo.  

Liv ki sou platfòm lan, ou gen aksè sèlman pou li yo. Nou pa ba w aksè telechaje yo.

Pou rezon ki defini nan règleman edikeyo a. Nou deside ansanm pou pa mete andanje dwa dotè yo nan dènye nivo.

Edikeyo ak patnè l opwesto itilize sèvis peman Moncash la pou moun kap viv Ayiti. Li peye moun an goud, si sa ta rive pou l peye w an dola; Lap fèl nan to dola jounen an.

Konsa tou, yo itilize moncash pou yo peye plan ak vin manb lan. 

Edikeyo se yon platfòm ki ouvè a tout mond lan. Nou pa limite sèvis  nou a okenn peyi. Men gen fonksyonalite ki ka limite pou seri de pepi ki pa gen sistèm peman Moncash la ak Paypal.

Yon manb edikeyo se yon moun ki chwazi edikeyo pou l li plis liv  e ankouraje lòt fè menm bagay la pandan lap resevwa yon pati nan lajan nouvo manb li refere a. Pou w manb se lè w chwazi peye pou w gen aksè a plis kategori liv nan bibliyotèk npou an.

Edikeyo, dekonsè ak patnè l opwesto chanje fason  pou l peye afilye ak manb li yo. 

Apati de 18 jiyè 2023, Afilye ak manb yo ap kòmanse resevwa lajan yo genyen sou sistèm lan. Nap peye chak mwa, sa vle di apati dat saa, chak 18 nan mwa peman yo ap kòmanse ki ka pran anviron 5 jou ou plis pou nou trete tout dosye yo.

Peman yo ap fèt sitou pa Moncash.

Edikeyo pap rele pèsòn pou l mande l voye lajan pou li sou okenn nimewo. Edikeyo gen yon sistèm peman pa Moncash dirèk. Sistèm lan pa mande w nimero w, ni l pap janm mande w kòd PIN ou.

Wi, edikeyo bay kou anliy. Genyen ki gratis, e genyen ki peyan. Tout kou yo sètifiye, ou ka mande sètifika aprè w fin konplete kou a.

Siw an Ayiti, wap peye kou yo pa moncash sou sistèm lan. Nou pap janm mande w voye l sou yon nimero, nou pa rele pou mande moun kòb. Siw peye a Moncash, lap pran anviron 2 a 8h pou yo ba w aksè a kou a. Men ou ka peye a Kat Kredi. Si wap peye a Kat Kredi, komand wan ap tou valide.

Coin Littéraire
Transactions
Cours
Client